Saturday, January 16, 2016

Pawòl Bondye sou Maryaj

Matye 19:3
Kèk farizyen pwoche bò kot Jezi pou yo wè si yo te ka pran l' nan pèlen. Yo mande li: Eske lalwa nou pèmèt yon nonm kite ak madanm li pou nenpòt ki kòz?
↓↓↓
Matye 19:9
Mwen menm, men sa m'ap di nou: Lè yon nonm kite ak madanm li pou l' al marye ak yon lòt, li fè adiltè, esepte si se pou lenkondite li ta kite ake madanm lan.

Matthieu 19:9
Mais je vous dis que celui qui répudie sa femme, sauf pour infidélité (impudicité), et qui en épouse une autre, commet un adultère.

Si pa gen yon divòs ki pwononse ant de moun ki kite, epi youn oubyen lòt la al marye ak yon lòt moun, se adiltè li ye, paske se toujou de moun marye yo ye menm si te gen enfidelite. Enfidelite pa kraze lyen maryaj la, men tou se li ki sèl rezon ki ka pèmèt yon divòs fèt selon lalwa Bondye. Ak tout sa, Bondye pito pou youn ka padone lòt la pou yo rekonsilye, menm jan li menm li toujou pare pou padone moun ki mande l padon epi renonse move chemen yo. Matye 18 bay prensip ki pou suiv nan ka yon frè ki gen pwoblèm ak madanm li ki se yon sè
nan Jezi oubyen yon sè ki gen pwoblèm ak mari li ki se yon frè nan Jezi (Matye 18:15-17). Nan kòmansman Bondye pat fè maryaj ant gason ak fanm pou te gen divòs, men se poutèt kè di moun ki fè li te pèmèt sa atravè sèvitè li Moyiz (Matye 19:8, Detewonòm 24:1-4).


Si yon mari kite ak madanm li oubyen yon madanm kite ak mari li san pa gen yon divòs ki fèt sou yon baz Bondye pèmèt, si nenpòt nan yo al remarye apre sa, se yon aranjman pou adiltè lap ye (Lik 16:18, Mak 10:11-12). Men apre yon divòs ta fèt ant de moun sou yon baz Bondye pèmèt, yo kapab marye ankò ak lòt moun, sa pap adiltè paske divòs la separe moun ki te marye yo, li fè yo pa mari ak madanm ankò.
 
Pa bliye entansyon Bondye konsènan maryaj:

Matye 19:3-8
3 Kèk farizyen pwoche bò kot Jezi pou yo wè si yo te ka pran l' nan pèlen. Yo mande li: Eske lalwa nou pèmèt yon nonm kite ak madanm li pou nenpòt ki kòz? 4 Jezi reponn yo: Eske nou pa li sa ki ekri nan Liv la? Nan konmansman, lè Bondye t'ap fè moun, li te fè yo gason ak fi. 5 Apre sa li di: Se poutèt sa, gason an va kite papa l' ak manman l' pou l' mete tèt li ansanm ak madanm li. Yo tou de va fè yon sèl kò. 6 Konsa, yo pa de ankò, men yo fè yon sèl kò. Se poutèt sa, pesonn moun pa gen dwa separe sa Bondye mete ansanm. 7 Farizyen yo di li: Bon, poukisa Moyiz te bay lòd pou yon nonm ekri yon papye divòs voye bay madanm li, anvan pou l' kite avè li? 8 Jezi reponn yo: Se paske nou gen tèt di kifè Moyiz te ban nou dwa kite ak madanm nou. Men, nan konmansman se pa t' konsa. 9 Mwen menm, men sa m'ap di nou: Lè yon nonm kite ak madanm li pou l' al marye ak yon lòt, li fè adiltè, esepte si se pou lenkondite li ta kite ake madanm lan. 10 Disip li yo di li: Si se konsa bagay la ye pou yon nonm ak madanm li, pito yon nonm pa marye. 11 Jezi reponn yo: Se pa tout moun ki asepte pawòl sa a. Se sèlman moun Bondye bay pouvwa pou sa. 12 Paske, gen anpil rezon ki ka enpoze yon nonm marye. Genyen ki fèt tou konsa: yo pa ka marye. Gen lòt, se moun ki mete yo nan eta sa a pou yo pa ka marye. Gen lòt ankò ki pa marye poutèt Peyi Wa ki nan syèl la. Si yon moun ka asepte pawòl sa a, se pou l' asepte li.

Ni koze enfidelite, ni pawòl divòse pa ta dwe konsène de moun ki gen konfyans nan Bondye, ki gen krentif pou Bondye, ki nan Jezi/Kris, ki vle di ki gen sa nan kè yo pou yo obeyi pawòl Bondye a, pou yo pa tande l sèlman men mete l an pratik (Jak 1:22). Toutotan yap fè sa, Bondye gade yo kòm moun kap mache dwat devan li (se sa ki definisyon yon "kretyen", yon moun kap mache dèyè Jezi). Depi yon moun pa nan chemen saa se pechè li ye, kit li konnen sou ki plan l ye, kit li nan liyorans, e pawòl levanjil la pale pou li. Men bon nouvèl li pote: li di se pou moun lan repanti, ki vle di retire lide l sou sa ki mal e pran pozisyon pou li
tounen vin jwenn Bondye, pou li soumèt li a volonte li, pou li renonse a chemen ki mal epi mande Bondye padon pou tout peche li konnen li fè. Se konsa lap vin nan yon pozisyon kote dosye li klè ak Bondye apre li fin fè lapè ak li akòz konfyans li mete nan san Jezi ki te vide pou li te ka rekonsilye lèzòm ak Bondye. E pwomès Bondye fè moun ki pran chemen saa se kado lavi ki pap janm fini an. 

Ròm 6:23
Peche peye nou kach: li ban nou lanmò; men kadò Bondye ban nou gratis la, se lavi ansanm ak Jezikri, Seyè nou an, yon lavi ki p'ap janm fini.
 
2 Timote 2:19
Men, pa pè. Fondasyon solid Bondye te mete a, li la toujou. Men pawòl nou jwenn make sou li: Mèt la konnen moun ki moun pa li. Tout moun ki di se pou Seyè a y'ap viv, se pou yo sispann fè sa ki mal.

Konsa nou ka konprann si yon fi ki nan Jezi vre te ka rive separe ak mari li, se pa pou li chèche remarye men se pou li chèche rekonsilye ak mari li pito. Yon moun kap mache dèyè Jezi dwe mache selon pawòl Bondye a ki nan kè li pou dirije lavi l. Li pa ka al marye ak yon lòt moun toutotan mari li vivan (
1 Korent 7:39).

Pa bezwen gen twòp konplikasyon. Moun ki pa nan Jezi a li menm, ki aji jan li vle a san li pa soumèt li a pawòl Bondye a, se levanjil la pou li tande, se pa filozofi sou maryaj. Kote l ye a se la pou Jezi pran l, menm jan ak fanm Samari a ki pat yon sèvitè Bondye, ki te pase senk mari epi nou sipoze ki te plase ak yon sizyèm nèg (Jan 4:18). Moun saa li bezwen konvèti pou li antre nan yon relasyon pèsonèl ak Papa Letènèl, ansanm ak Jezi Pitit la, atravè Sentespri a (Travay 2:38; Jan 14:23). Bon nouvèl saa ki pou li a se li pou l jwenn!

[Jan 12:46-48
46 Mwen menm, mwen se limyè sou latè. Tout moun ki kwè nan mwen p'ap rete nan fènwa. 47 Lè yon moun tande pawòl mwen yo, si l' pa kenbe yo, se pa mwen k'ap kondannen li. Paske, mwen vin pou delivre moun, mwen pa vin pou kondannen yo. 48 Men, moun ki refize kwè nan mwen, ki pa asepte pawòl mwen yo, li jwenn ak sa k'ap kondannen l' lan: Pawòl mwen te di yo, se yo menm k'ap kondannen l' lè dènye jou a va rive.

Jan 15:14
Nou tout, se zanmi m' nou ye **depi nou fè sa m' mande nou fè.**

Travay 17:30-31
30 Men, Bondye fèmen je l' sou tout tan sa yo moun pase nan liyorans. Koulye a li rele yo tout, kote yo ye, pou yo tounen vin jwenn li. 31 Se konsa tou, li fikse yon jou lè li gen pou l' jije tout moun san patipri: li chwazi yon nonm pou sa. Li bay tout moun prèv la lè l' fè nonm sa a leve soti vivan nan lanmò.]
 

Lòt pasaj ki pale sou bagay maryaj sa yo pou pèp Bondye a (moun kap sèvi li), se 1 Korent 7 ak Ròm 7:

1 Korent 7:10-17
10 Kanta pou moun marye yo, men lòd mwen ba yo (Sa pa soti nan mwen non, men nan Seyè a menm): Lè yon fanm marye, li pa dwe kite ak mari li. 11 Si li rive kite avè l', se pou l' rete pou kont li, san l' pa remarye. Pase pou l' ta remarye, pito li tounen ak mari l' ankò. Konsa tou, yon mari pa dwe mete madanm li deyò. 12 Pou lòt yo menm, men sa m'ap di: (Fwa sa a, sa se konsèy pa mwen. Sa pa soti nan Seyè a.) Si yon mari ki gen konfyans nan Kris la gen yon fanm ki pa gen konfyans nan Kris la, epi si fanm lan dakò pou l' kontinye viv avè l', mari a pa gen dwa mete l' deyò. 13 Konsa tou, si yon fanm ki gen konfyans nan Kris la gen yon mari ki li menm pa gen konfyans nan Kris la, epi si mari a dakò pou l' kontinye viv avè li, li pa fèt pou kite ak mari a. 14 Mari ki pa gen konfyans lan, Bondye asepte l' paske l'ap viv ansanm ak madanm li ki gen konfyans. Konsa tou, madanm ki pa gen konfyans lan, Bondye asepte l' paske l'ap viv ansanm ak mari l' ki gen konfyans. Si sa pa t' konsa, pitit nou yo ta tankou pitit moun lòt nasyon yo [ki pa sanktifye]. Men, jan sa ye a, yo menm tou Bondye asepte yo [yo sanktifye]. 15 Men, si moun ki pa gen konfyans lan vle kite, li mèt kite. Nan ka sa a, frè a osinon sè a pa gen ankenn angajman ankò. Paske, Bondye rele nou pou nou viv ak kè poze. 16 Eske ou konnen, ou menm madanm ki gen konfyans lan, si ou p'ap sove mari ou? Eske ou konnen, ou menm mari ki gen konfyans lan, si ou p'ap sove madanm ou? 17 Esepte nan ka sa a, se pou chak moun kontinye viv dapre kado Bondye ba yo, jan yo te ye lè Bondye te rele yo a. Se lòd sa a mwen bay nan tout legliz yo.
...

1 Korent 7:27-28

26 Jan tan an difisil koulye a, men lide m' fè nan tèt mwen. Mwen kwè sa bon pou yon nonm rete jan l' ye a.  27 Si l' gen tan gen yon madanm, li pa bezwen chache separe avè li. Si l' poko marye, li pa bezwen chache yon madanm.* 28 Si l' ta vle marye tou, li mèt; li p'ap fè ankenn peche. Konsa tou, si yon jenn fi vle marye, li pa fè peche pou sa. Men, moun k'ap marye yo pral gen kont traka yo nan lavi a. Mwen pa ta renmen wè sa rive yo.
...
1 Korent 7:39-40
39 Yon fanm marye gen angajman ak mari l' toutotan mari a vivan. Men, si mari a mouri, li lib marye ak moun li vle, depi se ak yon moun ki patizan Kris la. 40 Men, l'ap gen mwens tèt chaje si l' rete jan l' ye a. Sa se lide pa mwen. Epi mwen kwè poutèt pa m' mwen gen Lespri Bondye a avè mwen.


Nap note an patikilye pawòl ki pale sou ka yon moun ki pa gen konfyans nan Bondye ki kite yon moun kap mache ak Bondye limenm (1 Korent 7:15). Moun ki pap sèvi Bondye a kraze maryaj la lè li kite sèvitè Bondye a, e sèvitè Bondye a gen dwa marye ak yon lòt moun ki asepte sèvi Bondye avè l. Li 2 Korent 6:14-16 pou prensip ki aplike nan ka saa. Menm prensip saa ki pale sou relasyon ant yon moun kap sèvi Bondye ak yon moun ki pap sèvi Bondye aplike nan lòt ka tou ki ka fè yon maryaj kaba. Se responsabilite moun kap viv ak konfyans nan Bondye a pou li chèche tande Bondye sou sa lap di l pou l fè nan ka l ye a.
 
Ròm 7:1-3
1 Frè m' yo, mwen sèten nou konnen sa m' pral di nou la a deja, paske nou konn lalwa a: Se toutotan yon moun ap viv lalwa gen pouvwa sou li. 2 M'ap pran yon egzanp: yon madan marye gen angajman avèk mari l' devan lalwa toutotan mari a vivan. Men, si mari a mouri, madanm lan lib devan lalwa annegad mari a. 3 Si pandan mari a vivan toujou, madanm lan vin fanm yon lòt gason, y'ap rele madanm lan adiltè. Men, si mari a mouri, li lib devan lalwa. Lè sa a, si l' vin fanm yon lòt gason, li pa yon adiltè.

Bondye mete pwoteksyon sou maryaj. Yon gason kap kouche ak fi adwat agòch se yon bouzen gason li ye devan Bondye. Menm jan an yon fi kap kouche ak lòt gason sou mari l, li se yon bouzen devan Bondye. Moun ki pa marye kap fè sèks, kap pratike fònikasyon, se sa yo ye tou. Bondye pap jwe ak ni youn ni lòt. Pawòl li a ki deja pale a se li kap jije yo. E li mande pou moun kap mennen lavi yo konsa pou yo kite move chemen sa yo (Li 1 Korent 10:1-12).

Ebre 13:4
Maryaj se yon bagay tout moun dwe respekte anpil. Moun ki marye yo dwe rete fidèl yonn ak lòt. Bondye gen pou jije moun k'ap mennen movèz vi yo ansanm ak moun k'ap fè adiltè yo.

Tèks saa soti nan konprann Bondyen ban mwen pèsonèlman sou zafè maryaj. Mwen pataje sa m wè ki ka sèvi yon lòt. Men okenn sèvitè Bondye pa dwe mete konfyans li nan konprann yon lòt jwenn. Mwen konseye tout moun kap chèche fè volonte Bondye nan desizyon yap pran konsènan maryaj pou yo fè jèn, lapriyè, mande, chèche, frape pòt Bondye a (Lik 11:9-10) pou jwenn sajès ak bon konprann Bondye ka ba yo dirèk dirèk. Nou ka fè tout bagay sa yo ak Kris la kap ba nou fòs. Ke Bondye ba nou konfimasyon sou sa volonte li ye pou nou ka gen limyè li devan n pou nou fè chwa ki bon e ki pèmèt nou mache ak lapè nan kè nou.



________________

Jòb 28:12, 28
12 Men, kote nou ka jwenn konesans lan? Kote bon konprann lan ye menm?
28 Apre sa, Bondye di moun konsa: -Gen krentif pou Bondye, se sa ki rele bon konprann. Vire do bay sa ki mal, men sa ki rele gen lespri.

Pa gen sitiyasyon ki twò konplike pou Bondye. Se tande pou nou tande l si n gen zòrèy pou sa, epi mache nan chemen pawòl li ba nou a.

Jan 8:1-11
1 Jezi menm ale mòn Oliv. 2 Nan denmen maten, byen bonè, li tounen nan tanp lan. Tout foul moun yo pwoche bò kote li. Li chita, li pran moutre yo anpil bagay. 3 Dirèktè lalwa yo ak farizyen yo mennen yon fanm ba li. Yo te bare fanm lan nan adiltè. Yo mete l' kanpe devan tout foul moun yo, 4 epi yo di Jezi konsa: Mèt, yo kenbe fanm sa a nan men ap fè adiltè. 5 Moyiz te bay lòd nan lalwa a pou yo touye yo lè konsa ak kout wòch. Men, ou menm, kisa ou di nan sa? 6 Yo t'ap di sa, paske yo te vle pran l' nan pèlen pou yo te ka akize li. Men, Jezi bese atè. Epi, avèk dwèt li, li kòmanse ekri atè a. 7 Men, moun yo t'ap kouvri l' ak keksyon. Jezi leve atè a, li di yo: Se pou moun ki konnen li pa janm peche a ba l' premye kout wòch la. 8 Apre sa, li bese atè a yon dezyèm fwa, li pran ekri ankò. 9 Lè yo tande pawòl sa yo, yonn apre lòt y' al fè wout yo. Premye moun ki te mete deyò se te sak te pi granmoun yo. Jezi rete pou kont li ak fanm lan ki te kanpe devan l'. 10 Lè sa a, li leve, li di fanm lan: Madanm, kote moun yo? Pesonn pa kondannen ou? 11 Li reponn: Pesonn non, Mèt. Jezi di li: Mwen menm tou, mwen pa kondannen ou. Ou mèt ale. Men, pa janm fè peche ankò.

Lik 7:36-50
36 Yon farizyen te envite Jezi vin manje avè li. Jezi ale lakay farizyen an; li chita bò tab la pou l' manje. 37 Nan lavil sa a, te gen yon fanm movèz vi. Lè fanm lan pran nouvèl Jezi t'ap manje lakay farizyen an, li pote yon ti boutèy fèt an albat plen odè. 38 Li mete kò l' dèyè bò pye Jezi. Li kriye, li kriye, li mouye pye Jezi ak dlo ki t'ap soti nan je li. Apre sa, li siye yo ak cheve l', li bo yo, epi li vide odè sou yo. 39 Lè farizyen ki te envite Jezi a wè sa, li t'ap di nan kè l': Si nonm sa a te yon pwofèt vre, se pou l' ta konnen ki kalite moun fanm sa k'ap manyen l' lan ye, li ta konnen ki movèz vi fanm sa a ap mennen. 40 Lè sa a, Jezi pran lapawòl, li di l' konsa: Simon, mwen gen kichòy pou m' di ou. Simon reponn li: Mèt, ou mèt pale wi. 41 Jezi di li: Vwala, se te de moun ki te dwe yon nonm ki te prete yo lajan; premye a te dwe l' senksan (500) goud; lòt la te dwe l' senkant goud. 42 Ni yonn ni lòt pa t' gen dekwa peye dèt la. Lè sa a, nonm lan di yo yo pa bezwen peye dèt la ankò. Kilès nan yo de a va renmen l' plis? 43 Simon reponn li: Mwen ta kwè se nonm ki te dwe l' plis la. Jezi di l': Ou byen reponn. 44 Epi li vire bò fanm lan, li di Simon: Ou wè fanm sa a? Mwen antre lakay ou, ou pa menm ban m' dlo pou m' lave pye m'; men li menm, li lave pye m' ak dlo ki soti nan je l'. Apre sa, li siye yo ak cheve li. 45 Ou pa te bo m' lè m' t'ap antre lakay ou; men li menm, depi mwen antre se bo l'ap bo pye m'. 46 Ou pa vide lwil sou tèt mwen; men li menm, li vide odè sou pye mwen. 47 Se poutèt sa, mwen di ou: li fè tout bagay sa yo pou moutre jan li renmen anpil, paske yo padonnen li anpil peche. Men, yon moun yo padonnen yon ti kras, se yon ti kras l'ap moutre jan l' renmen tou. 48 Apre sa, Jezi di fanm lan: Peche ou yo padonnen. 49 Moun ki te chita bò tab la avèk li yo pran di nan kè yo: Ki moun nonm sa a ye menm pou li padonnen peche? 50 Men Jezi di fanm lan: Se konfyans ou nan Bondye ki sove ou. Ale ak kè poze.

Jan 4:6-30
6 Se la pi Jakòb la te ye. Jezi menm te bouke, vwayaj la te fatige l' anpil. Li chita sou rebò pi a. Li te bò midi konsa. 7 Yon fanm peyi Samari vin pou tire dlo. Jezi di l' konsa: Tanpri, ban m' ti gout dlo pou m' bwè. 8 (Disip li yo te ale lavil la achte manje.) 9 Fanm Samari a di Jezi konsa: Kouman? Se pa jwif ou ye? Ki jan ou fè mande m' dlo pou ou bwè, mwen menm ki moun Samari? (Paske, jwif yo pa t' gen rapò ak moun Samari.) 10 Jezi reponn li: Si ou te konnen sa Bondye bay la, si ou te konnen ki moun k'ap mande ou ti gout dlo pou bwè a, se ou menm ki ta mande l' ba ou ti gout dlo bwè. Lè sa a, li ta ka ba ou nan dlo ki bay lavi a. 11 Fanm lan di li: Msye, ou pa gen veso pou tire dlo. Epitou, pi a fon anpil. Ki bò pou ou ta jwenn dlo ki bay lavi sa a? 12 Se Jakòb, zansèt nou, ki te ban nou pi sa a. Li te bwè ladan li. Tout pitit li yo ansanm ak tout bèt li yo, se la yo te bwè tou. Koulye a, ou prèt pou di m' ou pi gran pase Jakòb? 13 Jezi reponn li: Tout moun ki bwè dlo sa a gen pou l' swaf dlo ankò. 14 Men, moun ki va bwè nan dlo m'ap ba li a, li p'ap janm swaf dlo ankò. Paske, dlo m'ap ba li a ap tounen yon sous dlo nan li k'ap ba li lavi ki p'ap janm fini an. 15 Fanm lan di l': Tanpri, msye, ban m' ti gout nan dlo sa a non pou m' bwè, konsa mwen p'ap janm anvi bwè dlo ankò, mwen p'ap bezwen tounen isit la vin tire dlo. 16 Jezi di l' konsa: Ale rele mari ou. Apre sa, tounen vin jwenn mwen isit la. 17 Fanmi lan reponn: Mwen pa gen mari. Jezi di l' konsa: Ou gen rezon di ou pa gen mari. 18 Paske, ou pase senk mari deja. Epi nonm k'ap viv avè ou koulye a, se pa mari ou li ye. Ou pa ban m' manti. 19 Lè sa a, fanm lan di l': Gen lè ou se yon pwofèt, msye? 20 Zansèt nou yo nan peyi Samari te sèvi Bondye sou mòn sa a. Men nou menm jwif, nou di: Sèl kote pou moun sèvi Bondye, se lavil Jerizalèm. 21 Jezi reponn li: Madanm, ou mèt kwè mwen. Lè a pral rive, se pa ni sou mòn sa a, ni lavil Jerizalèm pou n' sèvi Papa a. 22 Nou menm, moun Samari, nou pa konnen sa n'ap sèvi a. Nou menm jwif, nou konnen sa n'ap sèvi a, paske moun k'ap vin pou sove a, se nan mitan jwif yo l'ap soti. 23 Men, lè a ap rive, li rive deja: tout moun k'ap sèvi tout bon yo pral sèvi Papa a nan kè yo jan sa dwe fèt. Se moun konsa Bondye vle pou sèvi li. 24 Bondye, se Lespri li ye. Tout moun k'ap sèvi l', se pou yo sèvi l' nan lespri yo jan sa dwe fèt la. 25 Fanm lan di li: Mwen konnen Mesi a, moun yo rele Kris la, gen pou l' vini tou. Lè la vini, la esplike nou tout bagay sa yo. 26 Jezi reponn li: Mwen menm k'ap pale avè ou la a, mwen se Kris la. 27 Lè sa a, disip Jezi yo vin rive. Yo te sezi wè l' ap pale ak yon fanm. Men, yo yonn pa mande l': Kisa ou gen avèk li? Osinon: Poukisa w'ap pale avè li? 28 Fanm lan menm kite krich dlo a la, li tounen li al lavil la. Li di moun yo: 29 Vini wè yon nonm ki di m' tou sa m' fè. Eske nou pa kwè se Kris la? 30 Moun yo soti lavil la, yo vin jwenn Jezi.



Dènye revizyon: 1/01/2020






No comments:

Post a Comment