Showing posts with label tray. Show all posts
Showing posts with label tray. Show all posts

Saturday, June 29, 2019

Ki Jan Nou Dwe Lapriyè




Ak konfyans nan Bondye (lafwa), san nou pa doute:
Mak 11:22-24

Ak pesistans, san dekouraje:
Matye 7:7-11
Lik 11:5-13
Lik 18:1-8
1 Tesalonisyen 5:17

Ak remèsiman pou Bondye:
Filipyen 4:6
1 Tesalonisyen 5:18

Ak anpil chalè, pasyon, antouzyas:
Jak 5:16b (konpare ak lòt lang)

Rèd:
Jak 5:17-18

Nan sans ki dakò ak volonte Bondye:
1 Jan 5:14-15

Fòk nap mache dwat devan Bondye, nou pa dwe nan peche kidonk ap fè sa ki mal:
Jan 9:31
Jak 5:16b
1 Jan 3:22
1 Pyè 3:12
Sòm 66:18

Fòk nou cho nan dèyè Bondye:
Lik 5:18-20
Lik 8:43-48

An prive (tout lè li ka fèt konsa) men jamè pou fè moun wè:
Matye 6:5-6

Nou pa dwe ap plede repete yon bann pawòl pou granmesi*:
Matye 6:7-8

Ak respè pou Bondye epi se li ki dwe nan premye plan:
Matye 6:9-13
-pou volonte li fèt
-pou li ban nou tout sa nou bezwen
-pou nou jwenn padon nan men li
-pou pwoteksyon nou kont tout mal ak tantasyon pou peche tou

San nou pa manke padonnen moun ki fè nou mal:
Mak 11:25-26

Pandan n ap fè jèn:

Ann akò ak lòt kretyen (disip Jezi):
Matye 18:19-20

Ak gwo rèl ak dlo nan je (nan sikonstans ki mande sa):
Ebre 5:7

Fòk nou rete klè ak Bondye Papa nou sou jan nou santi n konsènan nenpòt ki sitiyasyon epitou sou santiman n pou li.

*Pèsistans pa menm ak "plede repete yon bann pawòl pou granmesi"
Egzamp:
2 Korent 12:8
An TWA FWA mwen lapriyè Seyè a pou maladi sa a, mwen mande l' pou l' wete li sou mwen.


Divès prensip sou lafwa:
Jan 15:7-11, 16; Jan 14:13-14; Mak 11:22-24; Jan 16:23-24; Matye 21:22; Matye 9:29; Mak 9:23; Lik 1:37; Efezyen 3:20-21



Wè tou:

How to Pray
Men Bib La
Pwosesis Pou Yon Moun Sove