Monday, July 29, 2019

Pwosesis Pou Yon Moun Sove

Pwosesis la gen 2 pwen ladan:

1) Se pou moun la kite tout move chemen ansanm ak tout move lide li te konn ap travay nan tèt li epi mande Bondye padon pou tout sa ki nan lavi l ki pa dwat devan Bondye. Sa rele repantans ak konvèsyon, oubyen tounen vin jwenn Bondye ak chanje lavi w (Travay 3:19). Se sa Bondye mande pou li ka efase dosye malfektè (pechè) yon moun.

Izayi 55:6-7
6 Tounen vin jwenn Seyè a, pandan nou ka jwenn li an. Lapriyè nan pye l' pandan li toupre nou an. 7 Se pou mechan yo kite move chemen y'ap swiv la. Se pou malveyan yo wete move lide k'ap travay nan tèt yo. Se pou yo tounen vin jwenn Seyè a ki va gen pitye pou yo. Se pou yo tounen vin jwenn Bondye nou an, paske l'ap padonnen tou sa yo fè.

Travay 3:19
Chanje lavi nou, tounen vin jwenn Bondye pou l' ka efase peche nou yo.

2) Se pou moun la angaje l pou li mache dèyè Jezi, toujou obeyi pawòl li e fè sa ki dwat devan Bondye. Se yon chemen moun la dwe toujou ap mache sou li jouk sa kaba.

Jan 8:31-32
31 Jezi di jwif ki te kwè nan li yo: Si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou se disip mwen vre. 32 N'a konnen verite a, lè sa a verite a va ban nou libète nou.▪

▪Libète (Jan 8:36, Ròm 6:18) pou sèvi Bondye e sispann sèvi peche kòm yon esklav peche ki anba pouvwa Satan (Jan 8:34, 2 Timote 2:26, Travay 26:18) e ki angaje pou l fè sa ki mal sou latè jan Satan vle l la paske li rayi Bondye. 

Jan 14:15
Si nou renmen m', se pou n' obeyi kòmandman m' yo. (Pawòl Jezi)

Lik 6:46
Poukisa n'ap plede rele mwen: Mèt, Mèt, epi nou pa fè sa m' di nou fè? (Pawòl Jezi)
 
Lik 9:23
... Si yon moun vle mache dèyè m', se pou li bliye tèt li. Se pou li pote kwa li chak jou, epi swiv mwen. (Pawòl Jezi) 

Matye 7:21
Se pa tout moun k'ap plede di m': Mèt, Mèt, ki pral antre nan peyi Wa ki nan syèl la, men se sèlman moun ki fè volonte Papa m' ki nan syèl la. (Pawòl Jezi)

Peche se pa volonte Papa a ki nan syèl la. Se krim li ye devan Bondye, se vyolasyon lalwa Bondye li ye (1 Jan 3:4). Se volonte Satan ki se chèf tout rebelyon kont Bondye ak lenmi tout chemen ki dwat. 

1 Jan 3:7
Pitit mwen yo, pa kite pesonn twonpe nou. Moun ki fè sa ki dwat, se li ki dwat devan Bondye, menm jan ak Kris la ki dwat.

1 Jan 5:3
Nou renmen Bondye, lè nou fè tou sa li mande nou fè. Sa Bondye mande nou fè yo pa twò difisil pase sa.

Jak 1:21-22
21 Se poutèt sa, derasinen tout vye abitid ki pa dakò ak volonte Bondye ansanm ak tout kras mechanste ki nan lavi nou, voye yo jete [*]. Soumèt nou devan Bondye, asepte pawòl li te plante nan kè nou an, paske se pawòl sa a ki ka sove nanm nou. 22 Se pou nou fè tou sa pawòl la mande nou fè [**]. Pa rete ap koute ase. Lè sa a, se pwòp tèt nou n'ap twonpe.

*sa se repanti / chanje lavi w / kite move chemen / tounen vin jwenn Bondye

**sa se mete konfyans ou nan Seyè Jezi / obeyi li / swiv wout li montre w pou w mache ladan 

Apòt Pòl rezime 2 pwen sa yo konsa:
Travay 20:20-21
20 Nou konnen mwen pa janm kache nou anyen ki ta ka sèvi nou, mwen te fè nou konnen tout bagay, mwen te moutre nou tout bagay, kit an piblik kit lakay nou. 21 Mwen avèti tout moun, jwif kou moun lòt nasyon yo, 1) pou yo chanje lavi yo, tounen vin jwenn Bondye, 2) pou yo mete konfyans yo nan Seyè Jezi.

Rezilta suiv pwosesis saa se sove anba esklavaj peche (soti anba pouvwa peche) epi jwenn kado Bondye nan Jezikri ki se lavi ki pap janm fini an (Ròm 6:23, 1 Jan 2:17).

Jak 4:8
Pwoche bò kot Bondye, Bondye va pwoche bò kote nou tou. Nou menm k'ap fè peche, lave men nou. Netwaye kè nou, nou menm k'ap woule de bò.
 
 
 
Wè tou:
 

No comments:

Post a Comment