Friday, January 31, 2020

Dakò Ansanm Pa Vle Di Dakò Ak Bondye

Kestyon:
"On pastè ki envite on pè vin preche anndan legliz li a...malgre yo pa dakò ak adorasyon manman mari yo di ki sen, imaj taye etc.. Kisa nou panse de sa?" - Holly Guelce
(https://www.facebook.com/hollyguelce/videos/596033190960918)
Sous mesaj la:
"Message historique du Rév. Père Réginald Jean-Mary à Shalom Community Church, le 12 Janvier 2020", videyo sou YouTube, 39:27, yon piblikasyon "Pasteur J. Fanfan Floreal", 13 Janvye 2020, www.youtube.com/watch?v=z15fwRXpXSg


Repons:
Se menm bagay ki asosye ansanm.


YON TI ANALIZ

23:55 « Bondye vle nou rekonèt ke tout moun ki bò kote w se frè w, se sè w. Nou gen dwa diferan nan doktrin nan, men nou uni nan levanjil la. » - Réginald Jean-Mary

VS

1 Jan 4:1
Mezanmi, nou pa bezwen kwè tout moun k'ap di yo gen Lespri Bondye a. Men, se pou n' sonde yo pou nou wè si lespri yo genyen an soti nan Bondye vre. Paske, gen yon bann fo pwofèt ki gaye toupatou sou latè a.

2 Jan 1:9-11
9 Si yon moun pa kenbe sa Kris la te moutre nou an 
[doctrine li a], si li al pi lwen, li pa gen Bondye. Moun ki kenbe sa Kris la te moutre a [doctrine li a], se li menm ki gen Papa a ak Pitit la. 10 Si yon moun vin jwenn nou pou l' moutre nou yon lòt bagay [yon lòt doctrine], pa resevwa l' lakay nou. Ata bonjou pou nou refize di li. 11 Paske, depi ou di yon moun konsa bonjou, ou dekonplis ak li nan tout move bagay l'ap fè yo.

2 Timote 3:1-5
1 Mete sa byen nan tèt ou: nan dènye jou yo, tan an pral difisil anpil. 2 Moun pral fè rayisab, y'ap renmen lajan, y'ap fè grandizè, lògèy ap vire tèt yo, y'ap pale Bondye mal, y'ap dezobeyi papa ak manman yo, y'ap engra, y'ap san okenn respè pou bagay Bondye. 3 Kè yo ap di, y'ap san pitye, y'ap pale moun mal, y'ap fè gwo kòlè, y'ap brital. Yo p'ap vle wè sa ki byen menm. 4 Y'a mòde an trèt, y'a fè kòlè fasil, lògèy va gonfle lestonmak yo. Y'ap pito plezi pase sèvis Bondye. 5 Y'ap fè tankou y'ap sèvi Bondye. Men, yo pa kwè nan pouvwa Bondye a tout bon vre. Pa mele ak moun konsa menm.

2 Korent 6:14-17
14 Pa mete tèt nou ansanm ak moun ki pa gen konfyans nan Kris la: Se pa sosyete konsa ki bon pou nou. Ki jan nou ta vle wè sa pou bagay ki bon, bagay ki dwat, mele ak bagay ki mal? Ki jan pou limyè ta ka mache ak fènwa? 15 Kouman Kris la ta ka antann li ak Satan? Osinon, kisa yon moun ki kwè gen pou wè ansanm ak moun ki pa kwè? 16 Kisa kay Bondye a gen pou wè ak zidòl? Nou se kay Bondye vivan an, pa vre? Se Bondye menm ki di sa: M'a vin rete, m'a viv nan mitan yo. M'a tounen Bondye yo, y'a tounen pèp mwen. 17 Se poutèt sa, Bondye te di nou: Soti nan mitan moun sa yo. Pa mele ak yo. Pa manyen anyen nou pa dwe manyen. Lè sa a, mwen menm, m'a resevwa nou.



Tèt ansanm nan erè ak konpwomi, sa pa yon siy sanktifikasyon (viv apa pou Bondye, jan l vle l la).


Hébreux 12:14
Recherchez la paix avec tous, et la sanctification, sans laquelle personne ne verra le Seigneur.
Ebre 12:14
Chache viv ak kè poze ak tout moun. Mennen yon lavi apa pou Bondye. Si se pa sa, pa gen moun k'ap wè Seyè a.


Donn yon pyebwa bay pa bay manti sou ki pyebwa li ye:

Lik 6:43-45
43 Yon bon pyebwa pa bay move donn, ni yon move pyebwa pa bay bon donn. 44 Yo rekonèt kalite yon pyebwa sou donn li bay. Yo pa keyi fig frans sou pye rakèt, ni yo pa rekòlte rezen sou tout vye lyann. 45 Yon nonm ki bon, se bon bagay li rale soti nan kè li ki bon. Yon nonm ki mechan, se move bagay li rale soti nan kè li ki move. Paske, sak nan kè yon nonm, se sak soti nan bouch li.

____________

35:28 « Jodi a m garanti w nan legliz la, nou se yon legliz de pécheurs, non pas yon legliz de saints et de saintes. » - Réginald Jean-Mary

Sa se vre, men se yon manman pwoblèm li ye tou. Mesaje a pa di pawòl la kòmsi se te yon pwoblèm menm. Men se pou sen yo Jezi ap retounen. Li te vini premye fwa a pou tout pechè yo epi li kite mesaj pou yo sou sa yo dwe fè. Mesaj saa se levanjil ki dwe preche a pou sove moun soti anba esklavaj peche (Jan 8:31-36). Li mande tout pechè pou yo tounen vin jwenn Bondye epi change lavi yo (konvèti). Lè yon moun ki te yon pechè konvèti, li pa rete menm sa li te ye a. Li pa rete yon pechè, yon moun kap fè sa ki mal, yon moun kè l pa kòrèk devan Bondye. Sèvitè Bondye yo pa pote non pechè nan bib la. Yo se "moun kap mache dwat devan Bondye" ("justes"), "moun kap viv apa pou Bondye" ("saints").

____________

38:16 « Maten tankou aswè, met ajenou. Priye pou peyi w, priye pou fanmi w, priye pou moun ki en difficulté. Parce que la prière des justes, yo rive wo kot Bondye. » - Réginald Jean-Mary

Ann gade pawòl la:
Jacques 5:16b
La prière fervente du juste a une grande efficace.
Jak 5:16b
Lè yon moun ap viv dwat devan Bondye, lapriyè moun sa a gen anpil pouvwa.

1 Pierre 3:12
Car les yeux du Seigneur sont sur les justes Et ses oreilles sont attentives à leur prière, Mais la face du Seigneur est contre ceux qui font le mal.
1 Pyè 3:12
Paske, Bondye veye sou moun k'ap mache dwat devan li. Li tande yo lè y'ap lapriyè nan pye l'. Men, l'ap vire do bay moun k'ap fè sa ki mal.*
* = pechè


Jean 9:31
Nous savons que Dieu n'exauce point les pécheurs; mais, si quelqu'un l'honore et fait sa volonté, c'est celui-là qu'il exauce.
Jan 9:31
Nou tout nou konnen sa: Bondye pa tande lè se yon moun k'ap fè sa ki mal ki pale avè li. Men, se pa menm bagay lè se yon moun ki respekte l', yon moun ki fè volonte l' k'ap pale avè li.

Kòm mesaje a fin di moun lap pale ak yo a se pa saints ak saintes yo ye, men se pécheurs yo ye, sa vle di lapriyè lap egzòte yo pou lapriyè a deja pap bay okenn rezilta toutotan moun sa yo pa "juste" jan pawòl Bondye a di l la. Se lapriyè "justes" yo ki rive wo kot Bondye. Fòk pécheurs yo konvèti pou Bondye ka gade yo kòm "justes", ki vle di, moun kap mache dwat devan li. Fòk pawòl levanjil Jezi a preche ba yo jan li ye a (Lik 20:21), pou si yo resevwa l, transfòmasyon Bondye vle opere nan yo a ka fèt, pou yo vin gen yon relasyon pèsonèl ak Bondye jan li vle genyen l ak yo a. 
 



Wè tou:

Pwosesis Pou Yon Moun Sove
Legliz Jezi Bati A




No comments:

Post a Comment