Saturday, June 29, 2019

Legliz Jezi Bati A

Anpil moun ki rele tèt yo kretyen e ki mache legliz idantifye tèt yo ak yon relijyon. Lè yon kretyen konsa di li se yon manm legliz kote li mache a, kèlkeswa relijyon li idantifye ak li a, sa pa vle di li fè pati Legliz Jezi bati a (Matye 16:18). 

Se pa kote moun reyini kòm "legliz" (yon batiman) ki petèt fè pati yon òganizasyon ki fè yo se Legliz Jezi a, men se ki moun moun yo ye. Yo dwe moun ki fè eksperyans yon nouvo lavi nan Jezi. Labib la pale ak yo konsa:

Ròm 6:4
Se sak fè, avèk batèm nou an nou te antere ansanm avè l' [ak Jezi], nou te mouri ansanm avè l' tou. Men, menm jan Papa a te fè l' leve soti nan lanmò avèk gwo fòs pouvwa li, konsa tou nou menm nou ka mennen yon lòt lavi.

An franse:
Romains 6:4
Nous avons donc été ensevelis avec lui par le baptême en sa mort, afin que, comme Christ est ressuscité des morts par la gloire du Père, de même nous aussi nous marchions en nouveauté de vie.

Legliz Jezi a se tout moun toupatou ki gen Jezi kòm mèt lavi yo. Yo gen yon relasyon pèsonèl ak Jezi. Se pa avèk legliz X oubyen legliz Y yo gen rapò ki fè yo se kretyen. Kretyen yo kretyen an baze sou relasyon yo genyen ak Jezi ki se Sovè yo.

Kisa nou rele relijyon nou? Ki sa ki di nou nan Jezi e fè pati sèl Legliz li bati a?

Map envite nou reflechi sou sa. Pou nou fè sa, an nou gade kèk pasaj nan labib la.

1) Travay 2:37-47 (prete atansyon ak vèsè 41 ansanm ak 47):

Travay 2:37-47
37 Lè pèp la* tande pawòl sa yo, yo santi kè yo boulvèse. Yo mande Pyè ansanm ak lòt apòt yo: Frè nou yo, kisa pou nou fè? 38 Pyè reponn yo: Tounen vin jwenn Bondye, epi yonn apre lòt vin resevwa batèm nan non Jezikri, pou Bondye padonnen tout peche nou yo. Apre sa, n'a resevwa Sentespri, kado Bondye a.39 Paske pwomès la, Bondye fè l' pou nou, pou pitit nou yo, pou tout moun ki byen lwen, pou tout moun Bondye, Mèt nou, va rele vin jwenn li. 40 Pyè t'ap di yo anpil lòt pawòl ankò pou l' te fè yo kwè, pou l' te ankouraje yo. Li t'ap di yo konsa: Sove tèt nou. Wete kò nou nan mitan moun pèvèti sa yo. 41 Anpil ladan yo te kwè sa Pyè t'ap di a, yo te resevwa batèm. Jou sa a, te gen twamil (3.000) moun konsa ki te mete tèt yo ansanm ak disip yo. 42 Yo pase tout tan yo ap koute sa apòt yo t'ap moutre yo, yo t'ap viv ansanm tankou frè yonn ak lòt, yo reyini pou separe pen an bay tout moun, epi yo t'ap lapriyè. 43 Tout moun te gen krentif devan kantite mirak ak bèl bagay apòt yo t'ap fè. 44 Tout moun ki te kwè yo t'ap viv ansanm yonn ak lòt. Yo te mete tou sa yo te genyen ansanm. 45 Yo vann tè yo ak tout byen yo, yo separe lajan an pami yo tout, dapre nesesite chak moun. 46 Toulejou, yo tout reyini ansanm nan tanp lan; yo te konn separe pen an bay tout moun nan kay yo, yo te manje ansanm avèk kè kontan san okenn pretansyon. 47 Yo t'ap fè lwanj Bondye. Tout moun te renmen yo. Chak jou Bondye t'ap mete lòt moun li t'ap delivre yo nan gwoup la.**

* Tout moun ki tap tande yo.
** Gwoup moun ki vin tounen pèp Bondye a nan Jezi akòz delivrans yo jwenn anba esklavaj peche e Sentespri yo resevwa a; se yo menm ki Legliz Jezi bati a.

Gen yon pawòl ki pou preche pou moun tande, aksepte e aplike pou yo ka vin fè pati Legliz Jezi a ki se pèp Bondye a (moun sou latè kap sèvi Bondye jan l vle yo sèvi l la).

An franse:
Actes 2:37-47
37 Après avoir entendu ce discours, ils eurent le coeur vivement touché, et ils dirent à Pierre et aux autres apôtres: Hommes frères, que ferons-nous? 38 Pierre leur dit: Repentez-vous, et que chacun de vous soit baptisé au nom de Jésus Christ, pour le pardon de vos péchés; et vous recevrez le don du Saint Esprit. 39 Car la promesse est pour vous, pour vos enfants, et pour tous ceux qui sont au loin, en aussi grand nombre que le Seigneur notre Dieu les appellera.40 Et, par plusieurs autres paroles, il les conjurait et les exhortait, disant: Sauvez-vous de cette génération perverse. 41 Ceux qui acceptèrent sa parole furent baptisés; et, en ce jour-là, le nombre des disciples s'augmenta d'environ trois mille âmes. 42 Ils persévéraient dans l'enseignement des apôtres, dans la communion fraternelle, dans la fraction du pain, et dans les prières. 43 La crainte s'emparait de chacun, et il se faisait beaucoup de prodiges et de miracles par les apôtres. 44 Tous ceux qui croyaient étaient dans le même lieu, et ils avaient tout en commun. 45 Ils vendaient leurs propriétés et leurs biens, et ils en partageaient le produit entre tous, selon les besoins de chacun. 46 Ils étaient chaque jour tous ensemble assidus au temple, ils rompaient le pain dans les maisons, et prenaient leur nourriture avec joie et simplicité de coeur, 47 louant Dieu, et trouvant grâce auprès de tout le peuple. Et le Seigneur ajoutait chaque jour à l'Église ceux qui étaient sauvés.

2) Travay 11:26
26 Lè l' jwenn li, li mennen l' lavil Antiòch. Yo pase yon lanne ansanm ap fè reyinyon ak legliz la. Yo t'ap moutre anpil moun sa pou yo fè. Se nan lavil Antiòch sa a premyè fwa yo te rele disip yo kretyen.

An franse:
Actes 11:26
et, l'ayant trouvé, il l'amena à Antioche. Pendant toute une année, ils se réunirent aux assemblées de l'Église, et ils enseignèrent beaucoup de personnes. Ce fut à Antioche que, pour la première fois, les disciples furent appelés chrétiens.

Sa nou aprann laa se ke yon kretyen se yon disip Jezi li dwe ye toudabò.

3) Jan 8:31-32
31 Jezi di jwif ki te kwè nan li yo: Si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou se disip mwen vre. 32 N'a konnen verite a, lè sa a verite a va ban nou libète nou.***

***Libète soti aba esklavaj peche. Li Jan 8:31-36 pou pran kontèks la byen.

An franse:
Jean 8:31-32
31 Et il dit aux Juifs qui avaient cru en lui: Si vous demeurez dans ma parole, vous êtes vraiment mes disciples; 32 vous connaîtrez la vérité, et la vérité vous affranchira.

4) Jak 1:27
Men jan pou nou sèvi Bondye Papa a, si nou vle sèvi l' yon jan ki dakò ak volonte Bondye, yon jan ki bon tout bon devan li: Se pòte sekou bay timoun ki san papa. Se bay vèv yo lasistans lè yo nan lafliksyon. Se pa mele nan move bagay k'ap fèt sou latè pou nou pa pèdi kondisyon nou.

An franse:
Jacques 1:27
La religion pure et sans tache, devant Dieu notre Père, consiste à visiter les orphelins et les veuves dans leurs afflictions, et à se préserver des souillures du monde.

Gade tou:
Qu'est- ce que la repentance?

Si Gen "Kretyen Vivan", Gen Kretyen Ki Pa Vivan Tou

=======

ADDENDA
Matye 16:18
Mwen menm, men sa m'ap di ou: Ou se yon wòch, Pyè. Se sou wòch sa a m'ap bati legliz mwen. Ata lanmò p'ap kapab fè l' anyen.

Tradiksyon kreyòl la gen yon pwoblèm. Ann etidye pou nou wè sa ki di nan vèsè saa toutbon. Jezi pa di apòt Pyè se limenm Pyè ki wòch lap bati Legliz li a sou li. Vèsè kreyòl la pa ta dwe di "Ou se yon wòch, Pyè. Se sou wòch sa a m'ap bati legliz mwen". Men li ta dwe di "Ou se Pyè. E sou wòch sa a m'ap bati legliz mwen".

Ann konpare:

franse:
Et moi, je te dis que tu es Pierre, et que sur cette pierre je bâtirai mon Église, et que les portes du séjour des morts ne prévaudront point contre elle.

angle:
And I also say to you that you are Peter, and on this rock I will build My church, and the gates of Hades shall not prevail against it.

panyòl:
Mas yo también te digo que tú eres Pedro; y sobre esta roca edificaré mi iglesia, y las puertas del Hades no prevalecerán contra ella.

Nou vle konnen toutbon kisa oubyen kiyès ki wòch Jezi te di l ta pral bati legliz li a sou li a. Pou pi sèten, li tout pasaj sa yo nan kontèks yo epi lapriyè pou Bondye montre nou sa l vle nou wè a:
Matye 7:24, Lik 6:46-49, 1 Korent 10:4, Ròm 9:33, 1 Pyè 2:8

2 Timote 2:15
Fè jefò pou ou ka resevwa lwanj nan men Bondye tankou yon travayè ki pa wont travay li fè, yon travayè ki fè konnen pawòl verite Bondye a jan l' ye a.


No comments:

Post a Comment