Thursday, August 26, 2021

Pawòl la di tout moun fè peche

Pawòl la di tout moun fè peche (Ròm 3:23). Pawòl la rele tout moun pou yo konvèti. Lè ou fèt "nan levanjil" sa pa egzante w pou ou konvèti.

Sa m'ap pale a, fòk gen yon moman ou rive ou wè peche w pou sa l ye (ou dakò se peche, se pa bagay ou dwe fè, se pa yon lide ki dwe nan tèt ou oubyen se pa yon santiman oubyen yon atitid ou dwe genyen); fòk gen moman saa ou wè kijan ou pa pafè devan Bondye, pou ou mande l padon e mande l delivre w soti nan move chemen ou ye a. Jezi se sovè lemonn. Se pa legliz levanjil ou leve ladan l la ki sove w. Fòk ou rele Jezi pou ou mande l delivre w anba peche. Se sa ou fè si ou renmen Bondye ak tout kè w e vle fè li plezi.  Repons pa l se efase peche w e ou vin fèt yon dezyèm fwa (Jan 3:3), ou vin tounen yon nouvo moun (2 Korent 5:17) ak Sentespri Bondye ou resevwa nan ou.  Ou vin gen yon nouvo kè ak yon nouvo lavi ki pa menm jan ak lavi ou te genyen anvan an. Fòk gen transfòmasyon saa. Fòk ou wè l e fòk moun nan lavi w wè l tou (Matye 5:14-15; 1 Timote 5:25). Fòk ou gen yon temwayaj ou ka bay sou sa. Egzamine bagay sa yo e pa dòmi sou okenn pawòl ou tande, men gen krentif pou Bondye pou ou obeyi li jan li vle l la. Rete nan pawòl li a e pa mete pawòl moun pi wo pase pawòl Bondye. Fòk ou pran dispozisyom pou ou konn pawòl Bondye a pou ou ka fè diferans ant laverite ak manti. Si w pa wè w fè peche, nan sa w fè ak menm nan lide w, mande Bondye pou li montre w sa li wè nan kè w byen, ak si li dakò ak tout, paske ou menm ou vle pou li dakò ak tout pwen nan lavi w. Se lè sa nan tèt ou ke ou deside repanti (tounen vin jwenn Bondye) e pou Jezi mèt lavi w.

2 Pyè 3:9
Seyè a pa pran twòp reta pou kenbe pwomès li yo, jan kèk moun kwè a. Okontrè, se pasyans l'ap pran ak nou, paske li pa ta renmen pesonn peri, li ta vle pou tout moun tounen vin jwenn li.

Menm si w grandi nan yon legiz "levanjil", depi ou se yon pechè, ou menm tou ou nan tout moun Bondye ap tann retounen viv jwenn li yo.

Lik 5:31-32
31. Jezi reponn yo: Lè yon moun ansante, li pa bezwen dòktè. Se moun malad ki bezwen dòktè. 32. Enben, mwen pa vin rele moun k'ap mache dwat devan Bondye, men moun k'ap fè sa ki mal pou yo kapab tounen vin jwenn Bondye.

2 Timote 2:19
Men, pa pè. Fondasyon solid Bondye te mete a, li la toujou. Men pawòl nou jwenn make sou li: Mèt la konnen moun ki moun pa li. Tout moun ki di se pou Seyè a y'ap viv, se pou yo sispann fè sa ki mal.

Jòb 28:28
Apre sa, Bondye di moun konsa: -Gen krentif pou Bondye, se sa ki rele bon konprann. Vire do bay sa ki mal, men sa ki rele gen lespri.

1 Jan 1:8
Si nou di nou pa gen peche, se tèt nou n'ap twonpe. Verite a pa nan nou.

1 Jan 3:4-11
4. Tout moun ki fè peche, se dezobeyi yo dezobeyi lalwa Bondye, paske peche se dezobeyisans lalwa. 5. Nou konn sa: Jezikri te parèt pou wete peche lèzòm, men li menm li pa t' janm fè peche. 6. Konsa, si yon moun fè yonn ak Kris la tout tan, l'ap sispann viv nan peche. Moun ki kontinye ap fè peche toujou, se moun ki pa janm wè l', ki pa janm konnen li. 7. Pitit mwen yo, pa kite pesonn twonpe nou. Moun ki fè sa ki dwat, se li ki dwat devan Bondye, menm jan ak Kris la ki dwat. 8. Moun k'ap kontinye viv nan peche, se moun Satan yo ye, paske Satan ap fè peche depi nan konmansman. Pitit Bondye a parèt toutespre pou kraze travay Satan an. 9. Si yon moun se pitit Bondye li ye, li p'ap kontinye fè peche, paske pouvwa lavi ki soti nan Bondye a ap travay nan li. Si se Bondye ki papa l', li pa kapab ap fè peche toujou. 10. Men jan nou ka depati pitit Bondye yo ak pitit Satan yo: depi yon moun pa fè sa ki dwat devan Bondye, depi li pa renmen frè li, se pa pitit Bondye li ye. 11. Paske, men mesaj nou te tande depi nan konmansman an: se pou nou yonn renmen lòt.

Tout moun ki fè peche bezwen yon sovè ki pou vin delivre yo soti sou chemen peche a nèt. Jezi se sovè saa e li te bay lavi l pou tout pechè / mechan / moun kap fè sa ki mal ka rache soti nan chemen peche a. Se sak fè, lè yo aprann nou ke "nou tout se pechè", fòk nou konnen tou, sou menm baz saa Bondye rele nou vire do nou bay peche (sa ki mal). Si ou pa jwenn tout nouvèl la ou pa jwenn bon nouvèl la. E se lè w deside bay peche dp pou ou ranje chemen w, e ou mande Bondye padon pou peche ou te komèt nan iyorans oubyen selon dispozisyon ou te gen pou sa lè sèvi Bondye pat nan lide w, lè saa li wè wap vanse sou li (Jak 4:8), lap padone ou, lap voye dosye peche ou jete, e li fè ou se yon moun kap mache dwat devan Li (nan bib franse a sa rele yon "juste"). Li Sòm 1, Sòm 34:15-16, Lik 13:1-5, 1 Korent 6:9-11 pou w konprann ou pa ka rete ap idantifye tèt ou kòm yon pechè si ou sou chemen dwat Bondye a. Si ou pa sa e Bondye pa rele w konsa, pale verite a pou moun konnen ki espwa delivrans levanjil la bay lè ou aplike l. Si tout moun ki pechè ap toujou pechè, sa vle di pèsonn pap konvèti e pa gen bon nouvèl nan sa ditou.

Travay 2:38
Pyè reponn yo: Tounen vin jwenn Bondye, epi yonn apre lòt vin resevwa batèm nan non Jezikri, pou Bondye padonnen tout peche nou yo. Apre sa, n'a resevwa Sentespri, kado Bondye a.

Si ou pa obeyi Bondye, ou pap resevwa Sentespri a:
Travay 5:30-32
30 Bondye zansèt nou yo te fè Jezi leve soti vivan nan lanmò, Jezi nou te fè touye lè n' te kloure l' sou kwa a. 31 Bondye fè l' moute chita sou bò dwat li, li mete l' Chèf sou nou, li fè l' delivre nou. Li fè sa pou bay pèp Izrayèl la yon bèl chans pou l' tounen vin jwenn Bondye, pou l' resevwa padon pou peche l' yo. 32 Nou se temwen tout bagay sa yo, nou menm ansanm ak Sentespri Bondye bay tout moun ki obeyi l' yo.

Si ou obeyi li, lap ba ou Sentespri li ki pou fè ou vin fè youn ak li (1 Korent 6:17). Sentespri Bondye a pap vin viv anndan yon pechè ki pa repanti paske li se yon moun kap fè sa ki mal, ki pa vle wè limyè ak sa ki dwat e Bondye pa danse kole ak sa. Bondye bezwen yon moun ki ka yon veso nan men li ki pare pou fè sèvis li (2 Timote 2:20-21).

Si sa nan kè w pou ou fè sèvis Bondye nan mennen yon lavi apa pou li kote wap rete fidèl ak li pou wap mache dwat devan li tout tan (Lik 1:75), mande l padon pou peche w konnen w fè e vire do bay chemen peche sa yo (Pwovèb 28:13). Se desizyon w. Bondye pap mize reponn ou. L ap padone w, l ap delivre w, lap mete lapè ak lajwa nan kè w, lap mete w apa pou li.

1 Korint 6:9-11
9 Nou konnen byen pwòp moun ki mechan p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. Pa twonpe tèt nou: moun k'ap viv nan dezòd, moun k'ap sèvi zidòl, moun k'ap viv nan adiltè, moun pèvèti k'ap sèvi fanm ak fanm, gason ak gason, 10 moun k'ap vòlò, moun ki gen lanvi plen kè yo, tafyatè, moun k'ap pale moun mal, piyajè, yo yonn p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. 11 Anpil nan nou, se sa menm nou te ye. (***Gen chanjman ki fèt***) Men, koulye a Bondye mete nou nan kondisyon pou nou sèvi l'. Gremesi Jezikri, Seyè a, li mete nou apa pou li, li fè nou gras pa pouvwa Lespri Bondye nou an.

Tit 3:3-7
3.   Paske, nou menm tou, nan tan lontan nou te tankou moun fou, nou pa t' obeyisan devan Bondye, nou te tankou moun ki pèdi chemen yo. Nou te esklav tout kalite move dezi ak move plezi. Nou t'ap viv ak mechanste, ak jalouzi nan kè nou. Moun te rayi nou, epi nou menm, nou te rayi yo tou. 4.   Men, (***Gen chanjman ki fèt***) lè Bondye fè nou wè jan li gen bon kè, jan li renmen tout moun, 5.   li te delivre nou. Li pa t' delivre nou paske nou te fè kèk bagay ki bon, men paske li menm li te gen pitye pou nou. Li delivre nou lè li lave nou, li voye pouvwa Sentespri li nan nou pou chanje nou nèt, pou n' te ka viv yon lòt jan. 6.   Bondye voye Sentespri li sou nou an kantite, gremesi Jezi, Kris la, ki delivre nou. 7.   Avèk favè sa a Bondye fè nou an, li fè nou gras. Koulye a nou ka resevwa sa n'ap tann lan: lavi ki p'ap janm fini an.

Jan 8:31-36
31 Jezi di jwif ki te kwè nan li yo: Si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou se disip mwen vre. 32 N'a konnen verite a, lè sa a verite a va ban nou libète nou. 33 Yo di li: Nou se pitit pitit Abraram. Nou pa janm esklav pesonn. Ki jan ou ka fè di nou: N'a gen libète nou? 34 Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Tout moun ki fè peche, se esklav peche yo ye. 35 Yon esklav pa fè pati moun kay la pou tout tan. Men, yon pitit fè pati moun kay la pou tout tan. 36 Si Pitit Bondye a ban nou libète, n'a lib tout bon.

Ròm 6:16
Nou konn sa byen: Si nou lage tèt nou nan men yon moun pou nou sèvi l' esklav pou n' obeyi l', nou tounen esklav moun n'ap obeyi a. Si nou lage kò nou nan peche, nou tounen esklav peche k'ap fè nou jwenn ak lanmò. Men, si nou lage kò nou nan obeyi Bondye, n'a esklav obeyisans k'ap fè nou mache dwat devan Bondye.

1 Jan 3:9
Si yon moun se pitit Bondye li ye, li p'ap kontinye fè peche, paske pouvwa lavi ki soti nan Bondye a ap travay nan li. Si se Bondye ki papa l', li pa kapab ap fè peche toujou.

Li pawòl yo. Se pa moun ki ka konvenk ou de anyen ou bezwen. Se pawòl Bondye a ki pou travay nan kè w si ou te resevwa l kòm yon jèm ki plante nan yon bon tè (li Lik 8:4-18 pou w egzamine nan ki kategori moun ki tande pawòl Bondye a ou ka ye, menn nan mitan legliz kote w chita a). Nou gen devwa pou nou egzamine tèt nou si se dèyè fè sa ki byen nou ye (2 Korent 13:5; Ròm 2:6-11). Pawòl Bondye a ap enstwi nou. Konsidere sa ki di laa. Nou pa konnen w pèsonèlman men m konnen chemen laverite a se yon sèl ki genyen (Jan 14:6), e wout mache dwat devan Bondye a se yon wout jis ak mal pou jwenn li ye, alòske wout peche a limenm li laj anpil e li fasil pou ou rete ap mache sou li (Matye 7:13-14). Dezi pa nou se pou ou ka pwoklame zèv Bondye selon delivrans Jezi opere nan lavi w, epi pou ou bay bon donn kòm sa dwa ki montre ou konekte ak sous lavi a vre ki se Jezi (Jan 15:1-10; Lik 6:43-45; Matye 12:33). Se yon temwayaj pou ou genyen. Si ou pa gen yon temwayaj delivrans Jezi opere nan lavi w (Revelation 12:11), ou pako delivre. Fòk ou konnen si ou te deside suiv Jezi (Mak 8:34-38), li detwi tout move travay Satan nan lavi w, ou pap wè yo ankò:

1 Jan 3:7-9
7.   Pitit mwen yo, pa kite pesonn twonpe nou. Moun ki fè sa ki dwat, se li ki dwat devan Bondye, menm jan ak Kris la ki dwat. 8.   Moun k'ap kontinye viv nan peche, se moun Satan yo ye, paske Satan ap fè peche depi nan konmansman. Pitit Bondye a parèt toutespre pou kraze travay Satan an. 9.   Si yon moun se pitit Bondye li ye, li p'ap kontinye fè peche, paske pouvwa lavi ki soti nan Bondye a ap travay nan li. Si se Bondye ki papa l', li pa kapab ap fè peche toujou.

Ròm 6:1-4
1.   Nan kondisyon sa a, kisa n'a di? Eske nou mèt kontinye ap viv toujou nan peche pou favè Bondye a ka vin pi plis toujou? 2.   Non. Sa pa ka fèt. Poukisa? Paske annegad peche nou mouri. Ki jan pou n' ta ka kontinye ap viv toujou nan peche? 3.   Eske nou pa konn sa: nou tout ki resevwa batèm pou n' te fè yonn ak Jezikri, avèk batèm sa a nou te fè yonn avè l' nan lanmò li. 4.   Se sak fè, avèk batèm nou an nou te antere ansanm avè l', nou te mouri ansanm avè l' tou. Men, menm jan Papa a te fè l' leve soti nan lanmò avèk gwo fòs pouvwa li, konsa tou nou menm nou ka mennen yon lòt lavi.

Fòk ou konnen lòt lavi saa ki diferan de lavi ou te genyen anvan an: sa vle di chanjman, sa vle di konvèsyon. E sa vle di ou vin gen Sentespri Bondye nan ou pou klere chemen w e gide w sou wout lavi ki pap janm fini an. Pran tan w gade tout pasaj yo epi lapriyè Bondye pou kè w aliye ak volonte l sou tout pwen. Pataje mesaj la si w kwè li se verite kap itil yon moun.

Ke Bondye beni w!

_______


Lik 6:46-49
46.   Poukisa n'ap plede rele mwen: Mèt, Mèt, epi nou pa fè sa m' di nou fè? 47.   Moun ki vin jwenn mwen, ki tande pawòl mwen epi ki fè sa mwen di fè, men ki jan l'ap ye: 48.   L'ap tankou yon nonm k'ap bati yon kay; li fouye tè a byen fon, li moute fondasyon kay la sou wòch. Dlo desann, lavalas frape kay la. Men, kay la pa brannen paske li te byen bati. 49.   Men, moun ki tande pawòl mwen, ki pa fè sa mwen di fè, li tankou yon nonm ki bati yon kay ratè, san fondasyon. Lavalas frape kay la, yon sèl kou kay la tonbe, li kraze nèt.

_______


1 Pyè 4:17-19
17.   Paske, dat la rive pou jijman Bondye a konmanse. L'ap konmanse ak moun ki nan kay Bondye a anvan. Si li konmanse ak nou, nou pa bezwen mande sak pral rive moun sa yo ki pa koute bon nouvèl Bondye a. 18.   Tankou sa ekri nan Liv la: Si moun k'ap viv dwat devan Bondye yo pa fasil pou sove, nou pa bezwen mande sa k'ap rive moun ki pa kwè nan Bondye yo, moun k'ap viv nan peche yo. 19.   Se poutèt sa, moun k'ap soufri paske se sa Bondye vle pou yo a, se pou yo pa sispann fè sa ki byen, se pou yo renmèt nanm yo nan men Bondye ki kreye yo, epi ki p'ap lage yo.



Wè tou:
Pwosesis Pou Yon Moun Sove

 

Premye piblikasyon: 30 jiyè 2016.





No comments:

Post a Comment