Thursday, August 26, 2021

Si gen "kretyen vivan", gen kretyen ki pa vivan tou

Kreyòl la pa gen manti ladan l non.
Si gen "kretyen vivan", gen kretyen ki pa vivan tou. Oumenm ki rele tèt ou kretyen, kiyès nan yo ou ye? An nou mete dekote sans popilè "kretyen vivan" an ki ta vle di nenpòt ki moun la. Nou konnen byen tout moun pa kretyen. E si "kretyen" se yon non moun pote sèlman, an nou reflechi sou sans "kretyen vivan" an, epi e sitou an nou gade tèt nou. Map pale ak moun ki di yo se kretyen.

2 Korent 13:5
Sonde tèt nou nou menm, egzaminen konsyans nou byen pou wè si n'ap viv ak konfyans nan Bondye. Nou fèt pou nou rekonèt si Jezikri nan kè nou, esepte si nou pa ta kapab bay prèv nou gen konfyans nan Bondye.

Efèz 5:14-17
14.   Paske, tout bagay ki parèt aklè tounen limyè. Se poutèt sa yo di: Leve non, ou menm k'ap dòmi an, LEVE SOTI NAN MITAN MÒ YO. Kris la va klere ou. 15.   Se sa ki fè, konnen ki jan pou n' mennen tèt nou! Pa mennen tèt nou tankou moun ki sòt, men tankou moun ki gen konprann. 16.   Pa kite okenn okazyon pase pou fè sa ki byen. Paske, jou sa yo n'ap viv la a pa bon menm. 17.   Se poutèt sa, pran tèt nou byen, chache konnen sa Seyè a vle nou fè.
 

_______


1 Jan 5:11-13
11.   Men pawòl verite a: BONDYE BAN NOU LAVI KI P'AP JANM FINI AN. SE NAN PITIT LI A LI BAN NOU LI. 12.   MOUN KI GEN PITIT LA, YO GEN LAVI SA A TOU. Men, moun ki pa gen Pitit Bondye a, yo pa gen lavi sa a non plis. 13.   M'ap ekri nou lèt sa a, nou menm ki kwè nan Pitit Bondye a pou nou ka konnen nou gen lavi ki p'ap janm fini an.

1 Jan 4:13-18
13.   NOU KONNEN NOU FÈ YONN AK BONDYE, BONDYE FÈ YONN AK NOU, PASKE LI BAN NOU SENTESPRI LI. 14.   Nou menm, n'ap di sa nou te wè. Papa a voye Pitit li a pou delivre tout moun. 15.   Moun ki rekonèt Jezi pou Pitit Bondye a, Bondye fè yonn ak yo, yo fè yonn ak Bondye. 16.   Nou menm nou konnen jan Bondye renmen nou, nou kwè se vre. Bondye se renmen an menm. Moun ki gen renmen nan kè yo, yo fè yonn ak Bondye, Bondye fè yonn ak yo. 17.   Nou konnen nou renmen Bondye tout bon lè kè nou pa kase pou jou jijman an, paske n'ap viv nan lemonn tankou Kris la t'ap viv. 18.   Kote ki gen renmen, pa gen kè kase. Okontrè, lè nou renmen tout bon, si kè nou te kase, li pa kase ankò. Konsa, yon moun ki pè toujou, li poko fin renmen nèt. Paske si ou pè, se paske ou pè chatiman.

Ròm 8:8-16
8. Moun ki soumèt devan egzijans kò (lachè) yo pa kapab fè Bondye plezi. 9. Pou nou menm, NOU P'AP VIV DAPRE EGZIJANS KÒ NOU ANKÒ, MEN DAPRE EGZIJANS LESPRI BONDYE A, PASKE LESPRI BONDYE A NAN NOU. Si yon moun pa gen Lespri Kris la nan li, li pa pou Kris la. 10.  Men, SI KRIS LA AP VIV NAN OU, kò ou te mèt mouri akòz peche a, LESPRI BONDYE A AP BA OU LAVI, paske ou jwenn gras devan Bondye. 11. Si Lespri Bondye ki te fè Jezikri leve soti vivan nan lanmò a rete nan nou, li menm ki te fè Jezikri leve soti vivan nan lanmò a, li va bay kò nou yo ki la pou mouri a lavi tou, pa pouvwa Lespri li a ki rete nan nou. 12. Se konsa, frè m' yo, nou gen yon dèt. Men, se pa kò a nou dwe. Se poutèt sa, nou pa dwe viv dapre egzijans kò a. 13. Si n'ap viv dapre egzijans kò a, n'a mouri. Men, si okontrè, pa pouvwa Lespri Bondye n'ap swiv la, nou fè egzijans kò a mouri, n'a viv. 14. Paske, tout moun Lespri Bondye a ap dirije, se pitit Bondye yo ye. 15. Lespri Bondye ban nou an, se pa yon lespri k'ap fè nou esklav pou n'ap tranble devan Bondye toujou. Okontrè, Lespri Bondye a fè nou tounen pitit Bondye. Se li menm ki penmèt nou rele Bondye Papa. 16. Lespri Bondye a bay lespri pa nou an lasirans se pitit Bondye nou ye.

Eske ou te obeyi pawòl Bondye a jan l ye a pou ou te resevwa Sentespri li a?

PWOMÈS SENTESPRI A:
Jan 14:15-18
15. Si nou renmen m', se pou n' obeyi kòmandman m' yo. 16. M'ap mande Papa a pou l' ban nou yon lòt moun pou ankouraje nou, pou li ka toujou la avèk nou, se Sentespri k'ap moutre nou verite a. 17. Moun k'ap viv dapre prensip lemonn pa ka resevwa l', paske yo pa ka wè l', ni yo pa ka konnen li. Men nou menm, nou konnen l' paske li rete nan kè nou, paske li nan nou. 18. Mwen p'ap kite nou pou kont nou: M'ap tounen vin jwenn nou ankò.

Travay 2:37-38
37. Lè pèp la tande pawòl sa yo, yo santi kè yo boulvèse. Yo mande Pyè ansanm ak lòt apòt yo: Frè nou yo, kisa pou nou fè?

👉 Si ou santi w boulvèse, se kè w ki reponn a pawòl Bondye a. Di Bondye mèsi ou gen zòrèy pou ou tande, pou si ou pat ap mache selon volonte Bondye a, ou ka deside jodi a pou ou chanje lavi w.

38. Pyè reponn yo: Tounen vin jwenn Bondye, epi yonn apre lòt vin resevwa batèm (plonje anba dlo) nan non Jezikri, pou Bondye padonnen tout peche nou yo. Apre sa, n'a resevwa Sentespri, kado Bondye a.

Travay 5:32
Nou se temwen tout bagay sa yo, nou menm ansanm ak Sentespri Bondye bay tout moun ki obeyi l' yo.

Galasi 5:19-23
19. Se fasil pou nou wè sa egzijans kò a fè moun fè: se imoralite, malpwòpte ak vis. 20. Se sèvi zidòl, se fè maji, se yonn fè lòt lènmi, se fè kont, fè jalouzi, fè kòlè, se yonn pa vle wè lòt, se fè ti pil gwo pil. 21. Yonn anvye sò lòt, yo tafyatè, yo saf konsa, ak yon bann lòt bagay ankò y'ap fè. Mwen deja di nou sa, epi m'ap repete l' ankò pou nou: moun ki fè tout bagay sa yo p'ap antre menm nan peyi kote Bondye wa a. 22. Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seriozite, li fè ou gen bon manyè. 23. Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo.

Gade kòmantè sa a pou kèk detay sou pasaj Galasi 5:19-23 a:
https://www.facebook.com/yestothetruth/posts/798614616884130

Mezanmi pa pran pawòl Bondye a o sans figire ni pou pwezi souple!



Wè tou:
Pwosesis Pou Yon Moun Sove

 

Premye piblikasyon: 25 fevriye 2016.






No comments:

Post a Comment